Thursday, March 20, 2014


Mwen te kòmanse ekri blòg sa a  jou ki te madi 18 mas 2014 la etan mwen t ap travay nan Hatte-Cadet, yon lokalite ki chita a 2 kilomèt bouk Tomazo. 

Se la mwen t ap pale ak kèk jèn, youn pa youn, sou plizyè sijè, sitou kesyon teknoloji ak lavantaj li pou Ayiti ta pran chimen devlopman. 

Si lontan konn li ak ekri se te 2 prensipal bagay ki te enpòtan pou yon kretyen vivan gen chans reyisi vi l, jounen jodia, konn òdinatè e sitou konn entènèt se yonn tou. Nan sèten ka menm, si w pa konn a nan fèy malanga nan bagay sa yo, 2 pye w ka pran nan yon sèl grenn soulye.

Mwen te vle tou fini blòg la nan moman poz mwen epi poste l la pou la. Malerezman, zafè koneksyon entènèt madebat Ayiti a pat ban m chans sa a.

Tankou m te di nan yon lòt blòg, kesyon koneksyon Entènèt ann Ayiti tabli sou yon paspouki ki prèske mete akote majorite ayisyen. Li ka difisil pou yon moun k ap viv nan lakou Pòtoprens oswa nan zòn ki viwonnen l yo ak yon koneksyon 3G konprann sa a. 

Ak koneksyon sa a ki plizoumwen rapid, ou ka gade videyo sou Youtube, poste foto, fè kòmantè sou Instagram, Facebook, Twitter; mete oswa koute mizik sou Soundcloud elatriye depi w gen yon ''data plan'' (sa vle di kantite gigabayt ou ka itilize sou yon tan pou mete ak pran kichòy sou entènèt) ki pèmèt ou fè sa.  Men, gen lòt vil nan peyi, anpil ladan yo pa twò lwen Pòtoprens, depi w rive ladan yo, bridsoukou ''3G'' tounen ''E'' pou EDGE. Li kanpe rèd kou ke makak, sa vle di ou gen yon koneksyon tòti k ap fè w fè gwo san.

Nan sitiyasyon sa a, si w abitye ak koneksyon 3G a, kòlè ka fè tout plim sou do w leve lè w bezwen poste yon ti videyo 15 segonn oswa yon foto sou Instagram oswa menm li enfòmasyon sou ''Newsfeed'' Facebook ou. Kanta poste oswa gade videyo sou Youtube, se bliye sa.

Lè m ap gade kouman kèk zanmi mwen genyen k ap viv nan vil pwovens toujou ap poste sou Facebook oswa Twitter, mwen di yo gen pasyans anpil oswa petèt yo jwenn yon bon siyal wayfay. M pa ka konprann y ap fè sa ak koneksyon 1 dous, 1 cho Digicel oswa Natcom (2 sèl konpayi telefòn selilè nan peyi a) bay epi ki prèske koute tèt nèg, menm pou moun afè bon.

Sitiyasyon entènèt ann Ayiti

Dapre estatistik ki sòti pou lanne 2012, (Sous: wikipedia) gen 1 milyon 65 mil 470 kretyen vivan k ap itilize entènèt ann Ayitis sou yon popilasyon 10 miyon 413 mil 211 moun dapre dènye chif IHSI (Institut Haitien de Statistisque et d'Informatique) bay pou lanne 2012.  Sa fè antou 10% ak yon ti pousyè moun k ap itililize entènèt ann Ayiti.

Malerezman, mwen pa tonbe sou estatistik ki antre nan nannan kesyon an; kote li ta bay  ''taux de pénétration'', sa vle di kouman entènèt la ap blayi sou peyi a, ak kantite moun pa depatman, pa komin oswa menm pa lokalite menm jan chif sa yo disponib pou anpil lòt peyi.

Pa gen ankenn dout nan tèt mwen, menm si chif yo difisil pou jwenn isi, entènèt la fè gwo pwogrè nan peyi a depi 10 dènye lanne yo. Men, pa bay tèt nou manti, se Pòtoprens ki gen gwo lamayòl la. 

Dapre tout konsta m, tandans lan montre n ap plis vanse olye n ap fè bak nan kantite moun k ap itilize entènèt. Li on ti jan difisil pou fè pwojeksyon sou konbyen pousantaj moun n ap rive bay chans gen aksè entènèt nan 10 lanne k ap vini yo. Manke chif pou ede fè analiz sa yo. Antouka, mwen pa tonbe sou yo oswa m pa konn kote pou m jwenn yo.

Men, anpil siy montre li ka pa anpil, konsa tou nenpòt faktè ka chanje direksyon pwojeksyon pa m nan. Tou dabò, itilizasyon entènèt chè ann Ayiti pou yon peyi kote majorite moun yo ap bat dlo pou fè bè. Yon plan 7GB pa mwa koute 1,000 pyas menm si nou kapab di 7GB la anpil pou yon moun k ap fè senpman Facebook, BBM, Whatsapp ak Twitter. Men, yon etidyan ki bezwen suiv kou an ''streaming'', telechaje oswa gade videyo, bloge elatriye, li ka twò piti menm. 

Pa vreman gen bon konkirans nan mache entènèt la. Ou gen enpresyon se menm moun yo k ap jere tout konpayi. Pa gen gwo diferans nan pri yo epi sèvis yo tout kloutoup kloutap. Konkirans se yonn nan faktè ki ka pèmèt plis moun gen aksè entènèt menm jan lè Digicel te antre nan peyi a chif moun ki gen yon telefòn selilè te vin miltipliye prèske pa mil.

Anplis de sa, pou konekte sou entènèt (mobil oswa lakay), moun nan dwe gen yon esmatfòn, yon konmpitè oswa yon tablèt paske li pa ka fè sa sou yoyo kanna oswa ede m peze. Yon bon esmatfòn koute chè anpil. Nan sans sa a, gen bon kou lespwa paske yo fabrike yon tablèt ann Ayiti ki rele ''Surtab''. Menm si pri a wo toujou (7,000 pyas) pou majorite pèp ayisyen an, gen lespwa yon jou anpil jèn gason ak jèn fi ka posede yonn, sitou si Leta ta finanse l pou etidyan, pa egzanp.

Se pa ti vitès...


Pou moun ki gen lokazyon ale nan anpil ti peyi (ti: nan sans gwosè tè yo) nan zòn karayib la, l ap fasil pou wè Ayiti nan tche kamyonèt la nan sa ki gen arevwa ak vitès pou konekte nan plizyè pati nan peyi sa yo. 

Mwen ale nan plizyè gran vil yo tankou Okap, Okay, Jakmèl, Jeremi, Pòdpe elatriye, mwen poko janm jwenn lokazyon (mwen pa di sa pa egziste) travay sou yon koneksyon 3G, kit sou Natcom, kit sou Digicel. Sa vle di kesyon ''entènèt rapid pou tout moun'' nan ap pran tan anvan li ateri sou 2 pye l. 

Gen tèlman lavantaj sa ka bay si omwen nou ta rive nan 10 lanne k ap vini la yo pèmèt pa egzanp tout etidyan nan Linivèsite, leta kou prive, ak sila ki nan klas segondè tout kote nan peyi a gen aksè a entènèt 3G minimòm. Sa pa vle di pou yo chak gen yon esmatfòn oswa yon tablèt pou monte sou entènèt epi jwenn chans benefisye tout sa zouti sa a ofri nan fòmasyon pwofesyonèl yo.

Sa te ka louvri pòt tou pou anpil djòb kreye kote nenpòt jèn te ka monte ''start-up'' li san pwoblèm epi bwase dola paske entènèt se yonn nan domèn ki kreye anpil nouvo djòb sou latè beni. 

Jounen jodia, nenpòt jèn gason oswa jèn fi ka jwen fòmasyon gratis sou entènèt pou aprann  kreye aplikasyon (App) pou aparèy mobil (esmatfòn ak tablèt) epi mete yo pou vann, (oswa gratis, men l ka fè lajan nan piblisite), sou magazen ki la pou sa (Apple Store, Windows Marketplace, Google Play elatriye). Sa vle di, yon jèn ka kreye yon App, ki pote yon bagay nouvo, mete l pou vann a 1 dola meriken pa egzanp epi, si sa mache, li tou leve atè a.

Sa a se yonn nan egzanp pou montre kouman yon moun ka fè lajan si entènèt ta rive blayi kò l nan peyi a. Gen anpil lòt egzanp toujou.

Mwen konn santi m mare, pafwa menm ''wont'' (mo a ka twò fò), lè m rive nan yon lokalite ki pa Pòtoprens, m ap pale de teknoloji ak yon bann jèn, montre yo enpòtans pou yo itilize esmatfòn yo pou pa pibliye blag Toto, Ti Jowèl, fè tripotay, gran dizè sèlman sou Rezo sosyo yo; men tou yo ka suiv kou gratis nan gwo Linivèsite lòt bò dlo, fè rechèch, patisipe nan gwoup diskisyon, aprann lang lòt peyi.  Mwen wont paske etan m ap pale konsa se yon vye koneksyon madjòka yo gen kote y ap viv la. Mwen k ap pale ak yo, kou m rantre Pòtoprens, m gen chans jwenn 3G ak bon wayfay lakay mwen. Se kòmsi m ap pase yo nan betiz paske sa m ap di yo fè a, li pa ka ateri.

Antouka, gen lespwa kanmenm nan kesyon vitès la paske y ap pase fib optik  ki pral ban nou koneksyon rapid. Pou konbyen lajan? Pou konbyen moun? Nou poko konnen.

Pou fini


Li enpòtan jodia pou Leta libere mache entènèt nan tabli bon jan politik pou plis moun gen aksè tou patou nan peyi a. Bon jan politik vle di envite plis envestisè etranje vin nan domèn nan paske gen yon potansyèl pou sa. Monopòl 2-3 moun k ap fè mache nwa pap ede nou vanse. 

Nou pa ka kontinye ap fòme plizyè milyon timoun ak jèn ki pral antre nan mache travay la, isi oswa lòt bò dlo, epi pou senpman se bout kaye ak plim ki nan men yo nan klas kès aransò. Chans pou yo reyisi ap vin piti anpil pandan vwazen Dominiken ap enfòmatize anpil lekòl lakay li.

Nanpwen bagay ki konn rache kè m konsa se lè mwen nan yon èpòt lòt bò dlo. Kounye a, ou ka enprime biyè w pou kò w nan òdinatè anndan èpòt la oswa menm tou genyen l sou esmatfòn oswa tablèt ou anvan w kite lakay ou. Lè se yon vòl ki pral gen anpil ayisyen, jèn oswa granmoun, anpil ladan yo mare kou krab devan òdinatè a alòske ou wè lòt pèp yo ap fè sa fasil fasil. Sa vle di yo wè twoub. Yo pa konprann a nan fèy malanga alòske genyen ki lekòl oswa menm nan linivèsite.

Nou gen chans jodia pou korije sa. Ann bay tèt nou 20 tan pou nou ''alfaNETize'' 80% pèp ayisyen an. Nou kapab wi si nou defini priyorite yo.



                                                                                                                                                  djecee
                                                                                 Suiv mwen sou Instagram ak Twitter: @djecee

No comments:

Post a Comment